Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli Donald Trump Fè Konnen Li Gen Enfòmasyon Diferan sou Swadizan Pirataj Larisi pou enfliyanse Eleksyon 8 Novanm yo


Prezidan-Eli Ameriken an, Donald Trump, ki tap pale ak kèk jounalis pandan yon fèt nan Mar-a-Lago samdi swa ki te 31 desanm 2016 la. (Foto AP/Evan Vucci)
Prezidan-Eli Ameriken an, Donald Trump, ki tap pale ak kèk jounalis pandan yon fèt nan Mar-a-Lago samdi swa ki te 31 desanm 2016 la. (Foto AP/Evan Vucci)

Sekretè laprès ki pwal moute nan Mezon Blanch la, Sean Spicer, ap ensiste sou sa moun ap atann kòmkwa Prezidan-eli Donald Trump pwal pibliye nouvo enfòmasyon sou pawòl sèvis ransèyman Etazini yo.

Sekretè laprès ki pwal moute nan Mezon Blanch la, Sean Spicer.
Sekretè laprès ki pwal moute nan Mezon Blanch la, Sean Spicer.

Pawòl sa yo fè konnen Larisi te fè zak pirat sou òdinatè kandida alaprezidans Hillary Clinton yo e mete deyò enfòmasyon ki pat bon pou li, men pou ede kandida pati Repibliken Donald Trump genyen eleksyon an.

Prezidan-eli DonaldTrump te di repòtè yo lavèy fèt Nwèl la li konnen plis pase sa ki parèt an piblik sou akizayon kòmkwa Moskou te mele nan eleksyon an e li di “Nou pwal konnen sa madi oubyen mèkredi.”

Prezidan eli a lage dout sou akizasyon sèvis ransèyman ameriken yo ki ta fè kwè Larisi te komèt zak pirataj nan eleksyon prezidansyèl 8 novanm pase a Ozetazini.

Yon lòt kote, 35 diplomat ris yo administrasyon Prezidan Obama te mande pou kite Etazini nan kad sanksyon kont zak pirataj la deja fè sa ak tout fanmi yo dimanch ki te premye janvye 2017 la, dapre dekarasyon Anbasadè Larisi nan Wahsington.

Selon AFP, ajans ris, Ria Novosti, ak yon pòtpawòl nan Depatman Deta te konfime nouvèl la.

XS
SM
MD
LG