Accessibility links

Breaking News

Prezidan-eli Etazini an Donald Trump Di Se Vèni Advèsè Politik li yo Ap Chèche Lage sou Viktwa li a


 Prezidan-eli Etazini an Donald Trump ki tap pale pandan yon rasanbleman nan Giant Center, 15 desanm, 2016, in Hershey, Pa.
Prezidan-eli Etazini an Donald Trump ki tap pale pandan yon rasanbleman nan Giant Center, 15 desanm, 2016, in Hershey, Pa.

Sou enfòmasyon Sèvis Entèlijans Ameriken an CIA ki fè konprann Larisi te lanse atak sou entènèt pou amelyore chans pou l ranpòte eleksyon an, Prezidan-eli Etazini an Donald Trump deklare se vèni opozan li yo ap esaye lage sou viktwa li kont kandida pèdan Demokrat la, Hillary Clinton.

Msye Trump te poze kesyon nan yon kòmantè sou Twitter, kote li di, “Si Larisi, oubyen yon lòt enstitidyon, t ap fè piratri sou entènèt, poukisa Mezon Blanch te tann tout tan sa a pou l aji? Poukisa yo te plenyen, sèlman apre Hillary te pèdi eleksyon an?

Youn nan manm ekip li Kellyanne Conway, nan yon entèvyou nan televizyon, rejte pawòl Mezon Blanch, Josh Earnest, ki te fè konprann a Msye Trump kapab byen te okouran pandan kanpay nan ke Larisi tap antre nan zafè kous prezidansyèl Etazini an e “enplikasyon li te gen yon enfliyans negatif” sou kanpay Clinton nan.

XS
SM
MD
LG