Accessibility links

Breaking News

Etazini Devwale Chanjman pou Atire Etidyan Syans, Tech Etranje


Prezidan Joe Biden rankontre manm ekip Enfrastrikti a nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2022.
Prezidan Joe Biden rankontre manm ekip Enfrastrikti a nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2022.

Administrasyon Biden nan anonse kèk chanjman nan politik etranjè li pou atire etidyan entènasyonal ki espesyalize nan syans, teknoloji, jeni ak matematik.

Desizyon sa a fè pati yon gwo jefo pou rann ekonomi Etazini an pi konpetitif.

Wo responsab administrasyon Biden yo di Depatman d'Eta pral kite etidyan ki elijib nan domèn sa yo suiv fomasyon akademik pandan 36 mwa. Yo pral lanse tou yon nouvo inisyativ pou konekte etidyan sa yo ak biznis Ameriken.

Depatman Sekrite Nasyonal la pral ajoute 22 nouvo pwogram etid ki va pèmèt etidyan inivèsite entènasyonal ki diplome yo travay pandan jiska 3 zan pou konpayi Ameriken.

XS
SM
MD
LG