Plizyè konpayi avyon Ameriken te avèti otorite yo nan Lendi sou potansyèl "dezòd" ke deplwaman teknoloji 5G a ka kreye pou yo alantou ayewopò yo.
"Akòz enkyetid operasyonèl ki gen rapò ak deplwaman sèvis rezo mobil 5G yo nan plizyè ayewopò Etazini, Emirates pral sispann vòl nan (nèf) vil Ozetazini".
Mezi sa aplike "apati de dat 19 janvye 2022" nèf ayewopò sa yo: Boston, Chicago, Dallas Fort Worth, Houston, Miami, Newark, Orlando, San Francisco ak Seattle.