Accessibility links

Breaking News

Etazini Demanti Bwi Kap Kouri pou Di Manifestan yo te Bloke Chèf Misyon Diplomatik Ameriken an an Ayiti


So Depatman Deta nan Washington, 31 Janvye 2022.
So Depatman Deta nan Washington, 31 Janvye 2022.

Yon pòt pawòl Depatman Deta demanti Vandredi bwi kap kouri pou di kòm kwa manifestan nan Pòtòprens te bloke chèf misyon diplomatik Ameriken an an Ayiti.

Pòt pawòl la fè konnen: "yon gwoup responsab Ameriken ki te an Ayiti pou yon vizit ki te planifye davans te chanje lye rankont yo kòm mezi prekosyon anvan yo te rapousuiv ak plan yo. Nou konnen ki kote tout manm misyon an ye."

Depatman d Eta eksprime kè sote li pou dezòd ki lye ak gang yo epi kondane ak fòs zak vyolans gang yo ki te debouche sou lanmò plizye manm fòs Polis Nasyonal Ayisyen an 25 Janvye.

Pòt pawòl la di Lezetazini prezante senpati li bay fanmi ak zanmi ofisye vanyan PNH ki mouri pandan yo tap fè travay yo.

Sekrete d Eta Adjwen Ameriken pou Zafe Emisfe Oksidantal yo kondane zak vyolans yo tou sou kont twitter ofisyel li.

Brian Nichols pibliye yon tweet ki di: "Nou kondane zak vyolans ki te lakoz ofisye Polis Nasyonal Ayiti te pèdi lavi yo e nou lanse yon apèl pou kalme tansyon yo pandan manifestasyon ap kontinye. Nou prezante kondoleyans nou bay fanmi ofisye ki mouri yo. Etazini pral kontinye pini moun ki responsab pou zak vyolans lach sa yo."


Korespondan VOA nan Depatman Deta Cindy Saine kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG