Accessibility links

Breaking News

La Lime Toujou Kwè Gen Chans pou LONU Voye yon Fòs Entèvansyon an Ayiti


Helen La Lime, Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti (BINUH), pandan yon pale ak lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 25 Janvye 2023.
Helen La Lime, Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti (BINUH), pandan yon pale ak lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 25 Janvye 2023.

Reprezantan Espesyal Nasyonzini pou Ayiti Helene La Lime di jounalis yo Mèkredi LONU rekonèt gen bezwen pou yon fòs entèvansyon entènasyonal an Ayiti.

"Mwen tande Etazini ak Kanada di fòk nou pran prekosyon. Men mwen pa tande yo di non definitivman. Donk se Konsèy Sekirite a ki pou pran yon desizyon kounyea. Manm konsèy la dwe diskite sou sa epi baze desizyon yo sou deliberasyon ki fèt yè epi deside kisa ki posib. Mwen refere w a rankont CELAC (Kominote peyi Amerik Latin ak Karayib yo) kap dewoule Ajantin. La tou gouvènman Ayisyen an lanse apèl pou apiye demann ni pou yon fos entèvansyon. Sisyasyon an mande sipo. Pep Ayisyen an ap soufri anpil."


Etazini ak Kanada - 2 peyi moun mansyone pi souvan kom posib lidè yon fos entèvansyon entènasyonal pou ede Ayiti konbat gang yo - pa montre oken enterè nan deplwaye pèsonèl sekirite pa yo malgre apèl LONU lanse a.

Anbasadè adjwen Etazini nan LONU, Robert Wood di Konsèy Sekirite a ke Ayiti dwe fè fas ak defi ensekirite a.

Anbasadè Kanadyen an, Robert Rae di mond lan ta dwe aprann leson lot entèvansyon militè ki te fèt nan pase a, ki pat resi stabilize Ayiti a lon term epi asire se Ayisyen ak Enstitisyon Ayisyen ki dirije nempot ki solisyon yo ta pwopoze nan lavni.

La Lime bo kote pa li di Ayiti ap travay pou ame lapolis pi byen epi konbat vag zak vyolans gang yo men li souliyen ke san asistans etranje " yo pap jwen siksè."

"Nou konnen ke PNH la, gouvenman Ayisyen an ap achte plis ekipman pou kontre gang yo. Yo komante yon paket machin blende ekipman ak materyo. Bagay sa yo ap rive Ayiti piti pa piti e sa kore lit la. E yap fe avans pa rapo ak gang yo. Defi yo gen pou leve a se anpeche PNH fè mach an aryè. E san asistans entènasyonal, yo pap ranponte siksè."

XS
SM
MD
LG