Sekretè Deta Ameriken Hillary Clinton fè konnen Twitter ak lòt medya sosyal yo ap ede gouvènman ameriken an touche jèn k ap reklame chanjman nan plizyè peyi nan lemond.
Nan yon entèvyou chèf diplomasi amerikèn nan bay chèn televizyon ABC News dimanch 20 fevriye 2011 la, li pale de pwogram Depatman Deta mete sou Twitter nan lang Arab e Fasi.
Sekretè Deta Clinton di Lèzetazini vle lonje lamen bay jèn e popilasyon ki plen enèji k ap chache egzèse menm dwa ak jèn Ozetazini genyen.