Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Kontinye Konvesasyon ak Venezuela Apre Liberasyon 2 Prizonye Ameriken


Foto Achiv: Prezidan Venezuela Nicolas Maduro
Foto Achiv: Prezidan Venezuela Nicolas Maduro

Venezyela libere 2 Ameriken ki te fèmen nan prizon lakay li, pami yo responsab yon konpayi petwolye ke yo te anprizone ansanm ak kolèg li yo pandan plis pase 4 an.

Gustavo Cardenas jwenn liberasyon ni pandan yon vizit sekrè gwo responsab admnistrasyon Biden nan fè nan venezuela pandan wikèn nan. Se premye vizit yon anplwaye Lamezonblanch fe nan peyi sa a depi plis pase 20 an.

Lot moun yo lage a, se Jorge Fernandez, ke yo te arete ane pase a anba sa Lamezonblanch dekri tankou " fo akizasyon".

Venezyela ap chache amelyore relasyon ni ak administrasyon Biden nan moman La Risi anvayi Ikrèn, Lamezonblanch anonse Madi swa.

Prezidan Joe Biden pibliye yon deklarasyon ki di "mesye yo se papa ki pèdi tan presye ak timoun yo, ak tout moun yo renmen. Fanmi yo soufri chak jou akoz absans yo."

Liberasyon an vini kèk hè'd tan apre Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro te siyale li enterese amelyore relasyon ak Etazini.

Nan yon diskou televize li endike li dako pou'l sede ak demann Etazini fe pou reprann negosyasyon ak opozisyon an, kom premye etap ki taka debouche sou yon soulajman sanksyon Ameriken yo.

Etazini poko bay okenn detay presi sou negosyasyon yo men li di liberasyon prizonye yo reflete plizye mwa travay pou amelyore relasyon ant 2 peyi yo.

Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki di:

"Te gen yon wayaj lot bo a ke lapres rapote e nou konfime kote nou diskite sou dives sije, pami yo byenet ak sante sitwayen Ameriken yo mete nan prizon. Apa sa, konvesasyon yo ap kontinye donk mwen pa gen okenn lot bagay pou ajoute."

Responsab administrasyon an derefize di Associated Press kijan yo te chwazi Cardenas ak Fernandez - 2 pami 10 Ameriken ki femen nan prizon Venezyela - pou liberasyon.

XS
SM
MD
LG