Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, pwomèt Lèzetazini pral ogmante kontribisyon li pote bay efò k ap fèt nan Amerik Santral la pou lite kont ensekirite nan rejyon sa a.
Ogmantasyon an pral fè patisipasyon ekonomik Washington nan efò sa yo monte rive 300 milyon dola.
Chèf diplomasi amerikèn nan fè pwomès sa a mèkredi 22 jen 2011 la nan yon konferans k ap dewoule nan Guatemala sou pwoblèm vyolans ki gen rapò ak dwòg e ak trafik zam.
Konparativman ak ane pase, pwomès sa a reprezante yon ogmantasyon 40 milyon dola sou envestisman Etazini ap fè pou ranfòse sekirite nan Amerik Santral la.
Nan moman Madan Clinton t ap fè anons sa a, li di tou peyi santwo-ameriken yo dwe jwe wòl pa yo tou nan lit koripsyon e garanti efikasite enstitisyon gouvènmantal yo lakay yo.
Daprè li, òmdafè yo ak moun rich yo dwe respekte obligasyon yo genyen pou yo peye taks e tounen asosye total-kapital nan efò pou kore sekirite nan rejyon an.
Sekretè deta Clinton te rive nan vil Guatemala mèkredi 22 jen 2011 la nan tèt yon delegasyon ki gen ladan n reprezantan divès ajans federal ameriken : Depatman Deta, Depatman Jstis, Defans, Sekirite Teritoryal, Konsèy Sekirite Nasyonal Lèzetazini an avèk USAID.