Yon lòt bò, Nijerya, ki te sou lis la ane pase a, pa sou li ane sa, dapre yon deklarasyon Antony Blinken, chef diplomasi Ameriken an fè.
Blinken di gen anpil lot peyi ke yo mete sou lis sa paske yo te tolere gwo zak vyolasyon libète relijyon, peyi tankou Arabi Saoudit, Birmani, Lachin, Kore di Nò, Eritre, Iran, Pakistan, Tajikistan ak Tirkmenistan.
Aljeri, Komò, Kiba ak Nikaragwa sou yon lis entèmedyè tankou peyi ke ge yo gen siveyans sou yo.
“Etazini pap vire do bay angajman ke li genyen pou l defann libète relijyon oswa kwayans," Blinken deklare. Nan plizyè kote atravè mond lan, nou kontinye wè gouvènman yo, ap arete, menase, anprizone ak touye moun tou senpleman paske yo vle viv lavi yo selon kwayans yo.