Accessibility links

Breaking News

Kèsote Ap Ogmante nan Sid Etazini Akoz Ogmantasyon Ka Kowonaviris yo nan Tout Rejyon an


Travayè lasante ameriken avèk rad espesyal sou yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris.
Travayè lasante ameriken avèk rad espesyal sou yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris.

Otorite lokal yo nan yon tyè eta ki nan pati sid Lezetazini leve lavwa, nan jounen dimanch 5 jiyè a, pou yo fè konnen yo gen kèsote devan gwo ogmantasyon apik yo anrejistre nan pwopagasyon pandemi kowonaviris la nan 2 zou 3 jou ki pase yo, menm si Prezidan Donald Trump pa sispann diminye gravite reyalite sa a lè l di “se yon sitiyasyon ki totalman san danje.”

Nan vil Feniks, nan Eta Arizona, nan pati sidwès peyi a, Majistra Kate Gallego bay pwogam This Week sou chèn televizyon ABC yon entèvyou kote l deklare:

“Nou te ouvri biznis lokal yo twò vit apre nou te fèmen yo nan mwad mas la ak mwa davril la. Nou twouve nou kounyela a nan yon kriz avek yon kantite total 59 mil moun ki enfekte nan yon vil ki gen yon popilasyon yon milyon 700 mil moun. Nan lokal kote nou fè tès pou kowonaviris yo, moun yo depase pa sitiyasyon an.”

Lèzetazini anrejistre plis pase 50 mil moun ki trape viris KOVID-19 chak jou depi plizyè jou deja; pi fò kote yo anrejistre gwo ogmantasyon sa a nan kantite ka enfeksyon yo se nan eta ki nan pati sid peyi a -eta ki te rive evite yon gwo eklatman maladi a nan mwa mas ak avril pase a alòske nan epòk la kowonaviris la t ap fè gwo ravaj seryezman nan pati nòdès peyi a, espesyalman nan vil New York. Lè sa a rejyon nòdès la t ap sibi gwo dega anba kowonaviris la alòske jounen jodia l ap rale yon souf avèk kantite ka yo ki bese anpil-anpil.

XS
SM
MD
LG