Accessibility links

Breaking News

Eta Missouri Pral Egzekite yon Prizonye Transjan Madi


Execution Transgender Inmate
Execution Transgender Inmate

Gen yon afè 1,600 prizonye ki mouri egzekite Ozetazini depi ane 1977, men yon egzekisyon ki pwograme pou Madi nan eta Missouri taka fè listwa paske se premye fwa yap egzekite yon fanm transjan.

Amber McLaughlin pral mouri egzekite apre lajistis te jwenn ni koupab dèske li te pwayade yon dam nan yon banlye vil St. Louis sa gen preske 20 an desa.

Kounyea se Gouvènè Repibliken Mike Parson ki pral deside sò McLaughlin, ki mande pou yo epaye l.

Yon achiv done Sant Enfòmasyon sou Pèn de Mo a ki opoze egzekisyon montre gen 1,558 moun ki mouri egzekite depi Etazini rekomanse enpoze pèn lanmò a nan mitan ane 70 yo.

Sepandan, tout eksepte 17 pami moun sa yo sete gason.

Sant la di pa gen okenn ka kote yo egzekite yon prizonye ki ouvètman transjan.

XS
SM
MD
LG