Otorite yo nan Kore di Sid toujou kenbe nan yon eta dalèt wo nivo pou yo kapab fè fas ak tout pwovokasyon ki ta sòti bò kote Kore di Nò.
Se konsa, avyon ak bato de gè sid-koreyen ap fè patwouy yon jou aprè peyi a te kòmanse fè egzèsis militè ak bon jan zam lou –e non pa zam ki pa ka touye moun.
Nan Seoul, kapital la, manm Konsèy Sekirite Nasyonal la fè yon reyinyon dijans madi 21 desanm 2010 la kote yo mete yo dakò pou yo fè yon gwo pase-men nan system jestyon kriz peyi a; objektif revizyon sa a, se pèmèt Kore di Sid reponn kòmsadwa a nenpòt ki atak Kore di Nò.