Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan Mande yon Ankèt sou Fason Gad Nasyonal la te Kontwole Manifestan yo nan Washington


Minis Defans ameriken an, Mark Esper. (Foto AP/Alex Brandon).
Minis Defans ameriken an, Mark Esper. (Foto AP/Alex Brandon).

. Ozetazini, Minis Defans la, Mark Esper, pase lòd pou responsab konsène yo prepare yon rapò sou fason manm Gad Nasyonal la te reponn e koresponn avèk mouvman leve-lanpe sivil k ap dewoule nan peyi a. Manifestasyon ak pwotestasyon dewoule toupatou atravè Lèzetazini apre lanmò nwa-ameriken George Floyd nan vil Minneapolis, Eta Minnesota, nan dat lendi 25 me pase a. Misye Floyd, ki te anba men lapolis, te mouri aprè yon polisye te peze jenou l sou kou misye pandan preske 9 minit.

Nan yon dekarasyon Pentagòn nan (ou Depatman Defans la) pibliye jedi 11 jen 2020 an, li fè konnen:

“Yon komisyon ki la pou analize fason Gad Nasyonal la te reyaji devan mouvman pwotestasyon yo pral evalye travay Gad la te fè pandan li t al ofri konkou l bay fòs de lòd lokal e federal yo atravè peyi a pandan 2 semèn ki pase yo.”

Nan deklarasyon ki sòti nan Pentagòn nan, Minis Defans Esper fè konnen:

“Mwen genyen pi gwo respè a pou sòlda nou yo, pou aviyatè ak aviyatris nou yo ki te sèvi pandan peryòd sa a pou yo te garanti ke manifestan ki t ap pwoteste pasifikman te kapab egzèse dwa Premye Amandman Konstitisyon an ba yo pou yo eksprime opinyon yo an tout libète. Mwen fyè de yo.”

Vrèmanvre, manm Gad Nasyonal la t al pran pozisyon nan lari vil Washington, D.C., pou yo te gaye manifestan ki t ap pwoteste pasifikman devan La Mezon Blanch; aksyon sa a ke Gad Nasyonal la te poze a, pwovoke yon bann ak yon pakèt kritik. Se minis lame a, Ryan McCarthy, k ap sipèvize revizyon aksyon Gad Nasyonal la e li gen jiska 30 jiyè pwochen pou l voye rapò li bay minis defans la, Mark Esper.

XS
SM
MD
LG