Accessibility links

Breaking News

Envestiti Premye Minis Dr. Jack Guy Lafontant nan Palè Nasyonal


Premye Minis Ayiti a, Dr. Jack Guy Lafontant (agoch) ki chita bò kot Prezidan peyi a, Jovenel Moise, pandan seremoni Envestiti Nouvo Gouvènman an--Premye Minis Lafontant ak manm kabinè li a nan Palè Nasyonal, madi 21 mas 2017 kèk èd tan apre li te fin jwenn ratifikasyon l nan Chanm Depite yo. Pòtoprens Ayiti, Haiti, 21 mas 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez)
Premye Minis Ayiti a, Dr. Jack Guy Lafontant (agoch) ki chita bò kot Prezidan peyi a, Jovenel Moise, pandan seremoni Envestiti Nouvo Gouvènman an--Premye Minis Lafontant ak manm kabinè li a nan Palè Nasyonal, madi 21 mas 2017 kèk èd tan apre li te fin jwenn ratifikasyon l nan Chanm Depite yo. Pòtoprens Ayiti, Haiti, 21 mas 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez)

Nan yon seremoni ki dewoule nan Palè Nasyonal, Dr. Jack Guy Lafontant prete sèman kònt nouvo chèf gouvènman peyi Dayiti madi 21 mas 2017 la nan apre midi. Seremoni envestiti sa rive kèk èd tan apre majorite depite yo te fin vote an favè politik jeneral premye minis deziye a.

Depite yo te pase 18 èdtan ap poze Dr. Lafontant kesyon e diskite ak li sou politik jeneral li anvan vòt la ki te fèt avan 9 è nan matin.

95 depite te vote an favè plan gouvènman premye minis deziye a; 6 lòt te chwazi pou vote kont, e 2 lòt pa vote ni pou ni kont. Jedi 17 mas 2017 pase a nan yon sesyon ki te dire anviwon 17 èdtan, Sena Ayisyen an te ratifye chwa Dr. Lafontant kòm chèf gouvènman peyi a.

Lè odyans la te louvri nan chanm depite yo lendi 20 mas la vè 2 zè nan apre midi, kèk manifestan te kanpe sou beton an kont ratifikasyon premye minis nonmen an kote yo tap di Msye Lafontant pat peye taks sou kay li ak enpo sou revni li. Li te prese fè sa apre Prezidan Jovenel Moïse te nonmen li premye minis peyi a.

Signal Bertrand, ki se youn nan depite ki pat vote an favè premye minis dezinye a akize kòlèg li yo kote li di se vann yo vann konsyans yo. Depite Bertrand deklare: "Dr. Jack Guy Lafontant pat ranpli devwa sivik li kòm sitwayen."

Depite Gary Bodeau, ki se youn nan sipòtè Dr. Lafontant fè konnen vòt konfimasyon an se "yon viktwa" pou peyi a ki bezwen yon gouvènman ki an mezi pou fonksyone. Sepandan, Depite Bodeau ajoute pou l di se pa yon chèk an blan yo bay Premye Minis Jack Guy Lafontant pou l ranpli jan li vle.

Menm jan ak Prezidan Jovenel Moise ki se yon ekspòtè bannann, Msye Lafontant patko janm travay nan leta. Li se yon pwofesè inivèsite ki espesyalize nan Gastwoentewoloji kidonk doktè ki trete pwoblèm nan sistèm dijesyon moun. Dapre Jounal Miami Herald, Dr. Lafontant ki gen 55 an sou tèt li se bon zanmi Prezidan Jovenel Moise.

XS
SM
MD
LG