Accessibility links

Breaking News

Entevyou AP: Pap la Di Omoseksyalite Pa yon Krim


Pap Francois pale pandan yon entevyou ak The Associated Press nan Vatikan an, Madi 24 Janvye 2023.
Pap Francois pale pandan yon entevyou ak The Associated Press nan Vatikan an, Madi 24 Janvye 2023.

Pap Francois kritike lwa ki kriminalize omoseksyalite kòm "enjis". Pap la di Bonye renmen tout pitit li yo jan yo ye a, e li lanse apèl bay evèk Katolik ki apiye lwa sa yo pou yo akeyi moun LGBTQ yo nan legliz la.

Pap Francois te pale konsa pandan yon entèvyou ak Associated Press. Li admèt evèk Katolik yo nan kèk rejyon mond lan apiye lwa ki kriminalize omoseksyalite pou byen diskrimine kont kominote LGBTQ a.

Pap la atribye atitid yo ak enfliyans kiltirèl e li di fòk yo anreprann yon pwosesis chanjman pou rekonèt diyite tout moun.

Pawòl Francois yo reprezante premye fwa yon pap janm fè kòmantè sou lwa sa yo.

Sepandan yo an akò ak apwòch jeneral souvren pontif la genyen vizavi kominote LGBTQ a.

XS
SM
MD
LG