Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Anbasadè Kenneth Merten ak Sèvis Kreyòl VOA


Nan yon entèvyou anbasadè ameriken nan peyi d Ayiti, Kenneth Merten, bay Chèf Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik, Ronald César, li deklare sa ap pran plizyè lane anvan pou travay rekonstriksyon yo bay rezilta klè ann Ayiti apre gwo tranblemanntè janvye 2010 la. Anbasadè Merten konpare pwogrè travay rekonstriksyon yo nan Pòtopresn ak travay k ap fèt nan New York kote atak teworis te detwi World Trade Center nan ane 2001. Tranblemanntè janvye 2010 la te touye plis pase 300 mil moun e li kite dèyè plizyè milye lòt san kay pou yo rete. Apre sa, yon epidemi kolera pran lavi plizyè milye kretyen vivan a travè tout peyi a.

Diplomat ameriken an ajoute rekonstriksyon Ayiti se yon travay konplike akoz pwoblèm ki poze nan peyi sa a sou plan enfrastrikti ---yon enfrastrikti ki te deja frajil anvan gwo soukous la, san bliye yon gouvènman k ap fonksyone ak yon kapasite limite depi trajedi a te frape kapital la, Pòtoprens, ak kèk lòt vil. Mesye Merten site tou demisyon brit-sou-kou Premye Minis Garry Conille apre li pase kèk mwa sèlman kòm chèf gouvènman. Diplomat la di li jwenn yon fyète pèsonèl nan «gwo enpak, enpak pozitif Etazini fè imedyatman apre tranblemanntè a, kote li te pote asistans nan bay manje, dlo ak abri pou viktim yo."

Anbasadè ameriken pwofite pou l di prezans 2 ansyen prezidan ayisyen nan peyi a (an palan de Jean-Claude Duvalier ak Jean-Bertrand Aristide) pa ba li okenn kè-sote. 2 ansyen chèf deta yo ap viv kounyela a ann Ayiti apre yo te oblije al viv an egzil pandan plizyè lane. Misye Merten ajoute le fèt ke tou 2 ansyen lidè sa yo rete aparanman lwen politik, se yon siy ki montre matirite Ayiti ak matirite demokrasi ayisyèn nan.

Klike sou videyo ki pa anba a pou w gade entèvyou eksklizif Anbasadè Ameriken an ann Ayiti Kenneth Merten.

XS
SM
MD
LG