Accessibility links

Breaking News

Nouvèl sou Vedèt yo ak Marie Luce Pierre Ap Mennen nou Grand Bretay, Madrid ak Beverly Hills


Nouvèl sou Vedèt yo ak Marie Luce Pierre
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:00 0:00

Nouvèl sou Vedèt yo ak Marie Luce Pierre

Manman Elton John, Sheila Farebrother, mouri. Chante britanik la pran yon gwo kou lè l pran nouvèl sa a. Elton John te sèvi ak kont Instagram li an pou l poste yon mesaj ak yon foto kote li di:

“Li tris poum di nou manman m mouri. Dènye fwa mwen te wè l se nan dat 27 novamn e mwen sou chòk. Mwen espere ke w wap fè vwayaj sa a an tout sekirite. Mesi pou tout bagay . Wap manke m anpil.”

Aple Elton John te koupe relasyonn avèk manman li pandan 8 tan, yo te sèlman gen 2 zan depi yo te reprann kontak. Manman Elton John, Sheila Farebrother mouri lendi 4 desanm pase li te gen 92 zan.

Mila Kunis ak Ashton Kutcher yon koup ki dapre nouvèl yo toujou rete trè diskrè. Se pa fasil pou yo we yo an public. Yo marie depi 5 kan, yo gen 2 pitit Wyatt ak Dimitri. Dimanch 3 desanm pase se te yon eksepsyon. Mila ak Ashton te ansanm nan Silicon Valley sou tapi rouj “sil vou plè” nan okazyon remiz pri breakthrough yo –pri pou rekonpanse meyè chèchè, meyè matematisyen ak enjenyè di mond. Se aktè Morgan Freeman ki te mèt de seremoni nan sware sa a.

Nou sonje Richard Gere, akte Pretty Woman nan. Kounye la a, Richard Gere ap viv “le parfet amour” avek yon fi espayòl ki rele Alejandra Silva. Aktè a gen 2 fwa laj mennaj li e mesye dam yo gen 2 zan ansanm. Sa pa gen lontan Richard ak Alejandra te ale nan Harper‘s Bazaar Award nan vil Madrid. Anpil obsevatè di akte a sanble li te an plen fòm brat-sou brat-sa la avek mennaj li.

Dimanch 3 desanm 2017 la te gen yon gwo ektravaganz nan Beverly Hills pou selebre anivese DJ Khaled. Se Sean Diddy Comb ki te anime sware a epi te gen res ekip “The Four” --show konpetition kote Diddy ak Khaled gen pou yo fe yon aparisyon ladann nan ane 2018 la. Te gen anpil vedèt sou plas pami yo Pharrel, Jamie Fox, Snoop Dogg, Mary J. Blige – Megan Trainer te la ak mennaj li Daryl Sabara. elatriye. DJ Khaled gen 42 zan.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG