Accessibility links

Breaking News

8 Moun Mouri ak 100 Lòt Blese nan yon Atak ak Bonm nan Peyi Tiki


Ajans nouvel leta nan Tiki a fè konnen 8 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plis pase 100 lòt blese nan yon atak oto pyeje ki fèt nan vil Diyarbakir nan sidès peyi a Jodi a.

Otorite yo di atak la fèt toupre yon estasyon polis apre otorite yo fin arete pandan lannwit la yon gwoup lidè Pati Demokratik Popilè-a ki anfavè Kurd yo e ki se 2èm pi gran gwoup opozisyon nan palman-an, ansanm ak 11 palmantè pati a pou pi piti.

Pyeton kap pase tou pre yon machin ki domaje apre yon eksplozyon nan Diyarbakir, Latiki, 4 Nov. 2016.
Pyeton kap pase tou pre yon machin ki domaje apre yon eksplozyon nan Diyarbakir, Latiki, 4 Nov. 2016.

Anpil manm nan baz pati a soti nan rejyon kote Kurd yo abite. Gochis ak pwogresis toupatou nan Turki jwenn arestayson yo tou lannwit la nan kad yon ankèt sou aktivite teworis.

Biwo Gouvènè a nan Diyarbakir fè konnen Pati Travayè Kurdistan (PKK) revandike responsablite pou atak la.

XS
SM
MD
LG