Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: 21 Moun pou Pipiti Mouri Anba Kout Zam sou De Bò Liy Separasyon nan Kashmir ant Pakistan ak End


Pakistanè k ap viv nan zòn Kashmir, Chakoti, sou liy ant peyi Pakistan ak End. 21 novanm, 2016.
Pakistanè k ap viv nan zòn Kashmir, Chakoti, sou liy ant peyi Pakistan ak End. 21 novanm, 2016.

Pakistan fè konnen kout zam ke twoup militè peyi End tire jounen mèkredi 23 novanm 2016 pa lòt bò fwontyè touye 11 sivil pou pi piti ak 3 solda nan rejyon Kashmir ki an diskisyon.

Lame peyi Pakistan fè konnen twoup li yo te reponn kif-kif e touye pou pi piti 7 solda endyen. Men li pa revele sous kote li jwenn bilan pou lòt kan an, e End pako reponn pou apiye oubyen rejte chif sa yo.

Sivil yo tonbe nan kan Pakistan an nan vale Neelam toupre liy separasyon ant End ak Pakistan.

XS
SM
MD
LG