Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Pa Gen Anpwaye Ki Blese nan Atak Taliban yo Fè sou Anbasad Almay la nan Afganistan


Fòs sekirite Afgan yo ak Fòs NATO yo ap mennen ankèt sou atak Taliban yo fè tou pre anbasad Almay nan peyi Afganistan. 11 novanm 2016
Fòs sekirite Afgan yo ak Fòs NATO yo ap mennen ankèt sou atak Taliban yo fè tou pre anbasad Almay nan peyi Afganistan. 11 novanm 2016

Peyi Almay fè konnen jodi vandredi 11 novanm 2016, tout anplwaye li yo nan konsila li a nan nò Afganistan reponn prezan e yo senn-e-sof, apre yon atak kamikaze ki te fèt sou bitasyon diplomatik la.

Atak la ki te fèt ak zam e ak bonm nan vil Mazar-i-Sharif, touye 6 sivil pou pi piti e blese apeprè 130 lòt, dapre responsab lopital yo nan zòn sila a.

Minis Afè Etranjè Frank-Walter Steinmeier prezante kondoleyans bay victim yo ak fanmi yo

Yon sòlda Afgan k ap mache tou pre pòtay konsila Alman an nan Mazar-m-Sharif, kapital ki nan Nò pwovens Balkh, Afganistan, Vandredi, 11 novanm 2016.
Yon sòlda Afgan k ap mache tou pre pòtay konsila Alman an nan Mazar-m-Sharif, kapital ki nan Nò pwovens Balkh, Afganistan, Vandredi, 11 novanm 2016.

Taliban yo fè konnen atak sa a se te yon revanj kont yon frap aeryen ki te fèt nan jou pase yo nan pwovens Kunduz. Selon deklarasyon gwoup Taliban yo, se avyon de gè ameriken ki te lanse atak sa ki te touye 32 sivil, pami yo yon pakèt timoun.

Fòt kowalisyon an pibliye yon nòt pou l di li te rapidman deplwaye fòs li pou lanse yon kont-atak epi evakye tout 21 manm pèsonèl konsila Alman an.

XS
SM
MD
LG