Accessibility links

Breaking News

Enpas sou Dèt Nasyonal Lèzetazini an Poko Jwenn yon Solisyon


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama fè konnen li p ap pèdi espwa pou l rive jwenn sa li konsidere kòm yon bon rezilta nan negosyasyon La Mezon Blanch ap fè ak lidè Kongrè a sou limit lajan gouvènman federal la kapab prete. Pòtpawòl palè nasyonal Lèzetazini an, Jay Carney, ki tap abòde kesyon an ak laprès mèkredi 20 jiyè 2011 la, deklare genyen tan toujou pou repibliken ak demokrat rive jwenn yon akò. Rete mwens ke 2 semèn anvan pou gopuvènman ameriken an rate dat li genyen pou l peye yon dèt ki monte rive 14 trilyon 300 milya dola.

Misye Carney di:

“Tankou prezidan an te di sa yè, nou rive nan lè kritik 11 zè a. Nou fèt pou n rankontre, pale, pran kontak, limite opsyon nou yo epi chache konnen rapidman ki tren pou n pran pou n fè vwayaj la."

Pòtpawòl La Mezon Blanch la fè konnen tou Prezidan Obama dispoze aksepte yon antant a kou-tèm si li mache ak yon plan pou redui defisi federal la. Nan le pase misye Obama te toujou rejte yon plan konsa pou leve nivo plafon dèt nasyonal la. Mèkredi 20 jiyè a, Prezidan an te resevwa nan La Mezon Blanch lidè Kongrè a pou yo te pale de yon plan ke yon gwoup 6 Senatè ki reprezante tou lè 2 pati yo prepare pou rezoud kriz la. Pati konsène yo genyen jiska 2 zout pou yo jwenn akò y ap chache a.

XS
SM
MD
LG