Accessibility links

Breaking News

Endonezi-Jistis: Kondanasyon yon Lidè Relijye Radikal pou Zak Teworis


Abu Bakar Bashir
Abu Bakar Bashir

Nan peyi Endonezi, yon tribinal kondane jedi 16 jen an lidè relijye radikal Abu Bakar Bashir pou l pase 15 zan nan prizon pou wòl li ta jwe nan depans ki te fèt pou mete sou pye e finanse aktivite antrènman nan yon kan teworis.

Lidè relijye a, ki te abiye tou de blan, pa montre twòp emosyon nan moman tribinal la t ap pwononse santans la ki vini aprè yon pwosè ki te dire 6 mwa.

Yon afè de 3 mil ajan sekirite endonezyen te antoure tribinal la nan moman jij la tap prepare l pou l bay vèdik la e pwononse santans la; lekti santans la te dire plizyè èdtan.

Dè santèn patizan Abu Bakar Bashir te ranpli tribinal la, tandiske kèk lòt te swiv dewoulman seyans la sou ekran televizyon otorite yo te enstale andeyò batiman an.

XS
SM
MD
LG