Accessibility links

Breaking News

End: Yon Tranblemanntè Touye 45 Moun pou Pi Piti


Bilan moun ki mouri nan yon gwo tranblemanntè 6.9 ki souke rejyon Himalaya ki ant peyi End, Nepal ak Lachin, monte rive 45 pou pi piti
Bilan moun ki mouri nan yon gwo tranblemanntè 6.9 ki souke rejyon Himalaya ki ant peyi End, Nepal ak Lachin, monte rive 45 pou pi piti

Bilan moun ki mouri nan yon gwo tranblemanntè 6.9 ki souke rejyon Himalaya ki ant peyi End, Nepal ak Lachin, monte rive 45 pou pi piti. Otorite yo te chache rive nan kominote rekile nan mòn yo pou yo evalye dega yo.

Episant tranblemanntè a te nan eta endyen Sikkim, nan distans apeprè 60 kilomèt ak pati nòdwès kapital eta a, Gangtok. Otorite nan Sikkim fè konnen eboulman, kay ki kraze, ak debri ki tonbe touye plis pase 20 moun nan eta a e blese plis pase 50 lòt.

Ajans nouvèl Chin Nouvè rapòte 7 moun pou pi piti pèdi lavi yo nan Tibè ki nan sid peyi Lachin, toupre ak fwontyè Sikkim nan. Nan Nepal, otorite yo rapòte 7 moun jwenn lanmò yo akoz tranblemanntè a. 3 nan yo mouri nan kapital la, Kathmandou, lè yon miray an brik te tonbe sou kote anbasad britanik la.

XS
SM
MD
LG