Accessibility links

Breaking News

Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron, Ap Vizite Antil Yo Apre Pase Siklòn Irma


Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ki tap pale a media apre li te vin rive nan Pointe-a-Pitre, zile Guadeloupe 12 septanm 2017.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ki tap pale a media apre li te vin rive nan Pointe-a-Pitre, zile Guadeloupe 12 septanm 2017.

Misye Macron debake madi 12 septanm nan nan La Gwadloup a-bò yon avyon ki transpòte dlo, manje, medikaman ak ekipman e materyèl pou ka dijans.

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ap vizite Antiy Fransèz yo nan Karayib la kote Siklòn IRMA koze gwo dega. Misye Macron debake madi 12 septanm 2017 la nan La Gwadloup abò yon avyon ki transpòte dlo, manje, medikaman ak ekipman e materyèl pou ka dijans.

Nan ayewopò entènasyonal Gwadloup la, Dirijan fransè a rankontre ak otorite lokal yo e ak pèsonèl espesyalize nan jesyon kriz, dezas ak sekou dijans. Prezidan Macron pwomèt zile karayib yo pral resevwa plis pwovizyon ak ajan-polis pou asire sekirite; pwomès sa a konsène tou 2 lòt zile ki tou prè Lagwadloup, an palan de Sen Maten ak Sen Batèlmi kote siklòn nan koze plis dega yo.

XS
SM
MD
LG