Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidans: Eleksyon Primè 15 Mas la Ap Peze Lou Sou Avni Kèk Kandida yo

2 kandida ki devan nan kous la: Repibliken Donald Trump (a goch) ak Demokrat Hillary Clinton in Miami. Tou le 2 tap mennen kanpay nan Eta Florid nan dat premye mas la: Trump nan Palm Beah epi Clinton nan Miami. Foto: REUTERS/Scott Audette (Trump), Javier Galeano (Clinton).

Ozetazini, elektè nan 5 Eta pral jete bilten nan jounen madi 15 mas 2015 la nan eleksyon primè kote kandida repibliken Donald Trump ak kandida demokrat Hillary Clinton ap chache ogmante avans yo genyen sou lòt kandida yo, aloske kandida sa yo ap eseye ratrape reta yo e kontinye kanpay yo.

Florid -Eta Senatè-kandida Marco Rubio nan kan republiken an- se youn nan eta-kle nan eleksyon madi a. Kandida ki ranpòte l la ap genyen 99 delege. Daprè yon sondaj ki parèt lendi a, Donald Trump ap mennen devan kandida ki pi prè dèyè l la, an palan de Misye Rubio, avèk omwen 17 pwen alòske senatè a bezwen yon viktwa pou kanpay li a rete anvi toujou.

Kandida Marco Rubio (agoch), Donald Trump (mitan) ak Ted Cruz (adwat).
Kandida Marco Rubio (agoch), Donald Trump (mitan) ak Ted Cruz (adwat).

Yon lòt Eta ki merite anpil atansyon, se Ohio kote kous la sere anpil pou premye plas la ant Donald Trump ak gouvènè Eta a, John Kasich. Mitt Romney --ki te kandida a la prezidans devan Prezidan Barack Obama an 2012- mennen kanpay nan plizyè sikonskripsyon ak Kasich nan jounen lendi a pou anpeche Trump ranpòte 66 delege Eta Ohio genyen yo.

3 lòt Eta gen eleksyon primè nan jounen madi a: se Kawolin di Nò, Misouri ak Ilinwa. Nan tou lè 3 Eta sa yo Donald Trump gen yon avans tou mens sou Senatè Tegzas la, Ted Cruz, ki vini an 2èm pozisyon.

XS
SM
MD
LG