Accessibility links

Breaking News

Etazini–Deba Elektoral : Echanj Pawol Piman Bouk ant Donald Trump, Marco Rubio ak Ted Cruz.


Kandida repibliken a la presidans yo (de goch a dwat): Senatè Marco Rubio, Donald Trump ak Senatè Ted Cruz, pandan yon deba ki dewoule nan sware jedi 25 fevriye 2016 la sou patwonaj chèn televizyon CNN. (Foto: Houston, Texas, 25 fevriye 2016).
Kandida repibliken a la presidans yo (de goch a dwat): Senatè Marco Rubio, Donald Trump ak Senatè Ted Cruz, pandan yon deba ki dewoule nan sware jedi 25 fevriye 2016 la sou patwonaj chèn televizyon CNN. (Foto: Houston, Texas, 25 fevriye 2016).

Ozetazini, deba ki dewoule jedi swa ant kandida kap chache nominasyon Pati Repibliken an pou pwochen eleksyon prezidansyèl yo, te tounen yon boukantaj pawòl piman bouk kote youn tap choute sou lòt sou kesyon tankou imigrasyon ilegal, politik etranjè Etazini nan rejyon Mwayen Oryan an ak transparans nan jan yo chak peye taks yo.

Milyadè Donald Trump repete plizyè fwa lap fè Meksik peye pou yon miray li pwopoze pou yo bati pou fè fas ak pwoblèm imigrasyon ilegal la; poutèt kèk lidè meksiken pa dakò ak lide a, Misye Trump di " lap mete 10 pye sou wòtè li ta pral bay miray la".

2 rival ki pi pre mesye Trump nan kous la -Senatè Florid la, Marco Rubio, ak Senatè Texas la, Ted Cruz-- akize milyadè a dèske lap itilize travayè ilegal nan gwo pwojè konstriksyon l yo. 2 rival mesye Trump yo ajoute li te oblije peye yon milyon dola poutèt li te anplwaye imigran ilegal. Sou kesyon politik etranjè a, Donald Trump di li pa tap dakò ak plan seselfe nan Siri a.

Senatè Cruz di li se sèl kandida ki kapab kale Hillary Clinton, an palan de kandida ki devan pou ranpòte nominasyon Pati Demokrat la. Deba sa a dewoule kèk jou anvan sa yo rele "Super Madi" a, swa madi premye mas 2016la, ki se youn nan gran randevou pou prime yo, paske plis pase 12 Eta pral genyen eleksyon jou sa a.

XS
SM
MD
LG