Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Ondiras Taka Wetire Kontwòl Pati Nasyonal la Sou Pouvwa a


Elekte ap fe la ke nan yon biwo'd vot pandan eleksyon jeneral yo nan vil Tegucigalpa, kapital Ondiras, Dimanch 28 Nov. 2021.
Elekte ap fe la ke nan yon biwo'd vot pandan eleksyon jeneral yo nan vil Tegucigalpa, kapital Ondiras, Dimanch 28 Nov. 2021.

Elektè yo nan Ondiras ap vote pou chwazi siksesè Prezidan Juan Orlando Hernández, ki pa popilè ditou. Eleksyon sa a taka wetire Pati Nasyonal la sou pouvwa a apre 12 zan.

Kandida ki sanble gen plis chans pou'l ranpòte la viktwa, se Xiomara Castro, ki reprezante pati gochis Libète ak Re-fondman an. Ansyèn premye dam nan poze kandidati li a la prezidans pou twazyèm fwa ane sa a. Li se youn pami 13 lòt kandida opozisyon ki gen chans pou yo bat nèg Hernández chwazi kòm siksesè li, an palan de Nasry Asfura. Misye se majistra Tegucigalpa.

Elektè Ondiras yo tèlman pa fè pwosesis elektoral la konfyans, yo gen kè sote taka gen dezòd nan lari a jodia, kèlkeswa moun ki ta ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG