Accessibility links

Breaking News

Nan Moman Eleksyon yo ap Dewoule nan Grand Bretay, Viktwa Pati Konsèvatè a Poko Asire sou Pati Travayis la


Premye Minis Britanik la, Theresa May, pandan li tap mennen kanpay nan Solihull, 7 jen, 2017.
Premye Minis Britanik la, Theresa May, pandan li tap mennen kanpay nan Solihull, 7 jen, 2017.

Elektè yo nan Grand Bretay ap lage bilten, jedi 8 jen 2017 la, pou Chanm Komin nan ki se chanm bas palman an, nan yon eleksyon Premye Minis Theresa May te dekrete nan mwa avril pase a kote li tap chache konsolide sipò anvan negosyasyon ki pwal dewoule pou peyi li kite Inyon Ewòp la.

Rezilta vòt sa yo pou 650 syèj ka soti bonè vandredi 9 jen 2017 la nan maten.

Lè Madam May te konvoke pèp la nan eleksyon an, pati li a, Pati Konsèvatè a, te gen yon gwo avans nan sondaj opinyon yo ak yon majorite tou piti nan palman an. Sipò sa a diminye depi kèk mwa, men sondaj ki fèt anvan vòt la te montre ke pati Konsèvatè a ap mennen devan prensipal pati nan opozisyon an ki se Pati Travayis la.

XS
SM
MD
LG