Accessibility links

Breaking News

Otorite Gran Bretay yo Kwè Eklozyon Manchester a Se yon Zak Teworis

Yon dam kap depoze flè pou viktim atak eksplozyon yo nan estad Manchester a, santral Manchester, Angletè, 23 me 2017.
Yon dam kap depoze flè pou viktim atak eksplozyon yo nan estad Manchester a, santral Manchester, Angletè, 23 me 2017.

La polis nan Grann Bretay fè konnen omwen 22 moun mouri e 59 lòt blese nan eksplozyon yon bonm ki sote tou pre yon gwo kokenn sal konsè nan vil Manchester nan fen jounen lendi 22 me 2017 la.

Chèf polis vil la, Hopkins, di laprè : “Nou konsidere sak fèt la kòm yon zak teworis, e nou kwè nan pwen nou ye la a , se yon sèl nèg ki lanse atak la.”

Patisipan nan konsè a kap chape pou l yo pou yo pa viktim nan atak sovaj ak bonm yon nonm fè nan estad Manchester a nan nò peyi Angletè kote chantè vedèt ameriken Ariana Grande tap pèfòme nan prezans yon bann timoun piti. Konsè a te fèk fini lendi swa 22 me 2017 la lè ekplozyon an rive a.

Bò kote pa l, premye minis britanik la, Theresa May, di responsab lapolis ak sekirite yo nan Manchester kwè yo konnen idantite teworis la ki mouri nan ensidan latèrè a. Ensidan sa a dewoule tou pre yon stad konsè ki te gen anviwon 21 mil spektatè , e pifò ladan yo, se te timoun piti. Premye minis Theresa May di li pa kapab konprann koman moun kapab komèt yon zak konsa. Premye minis Theresa May deklare:

“Nap goumen pou rive konprann kòman yon moun lespri tòdye kapab wè yon sal chaje ak timoun, non pa kòm yon sèn pou apresye, men pito kòm yon opòtinite pou touye kretyen vivan pa ban e pa pakèt. Nou pral goumen pou dejwe mòd atanta sa yo nan lavni.”

Nouvèl yo fè konnen bonm nan te sote nan yon estad kote vedèt Pòp ameriken Ariana Grande te fin fè yon konsè nan vil Manchester.

XS
SM
MD
LG