Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Lachinn Nan Anrejistre Yon Kwasans Redui


Ekonomi Lachinn nan ke otorite yo ap siveye deprè anrejistre yon kwasans redui men ki rete djanm kanmèm pandan trimès ki pi resan an.

Rapò gouvènman chinwa a pibliye jedi 21 oktò parèt 2 jou apre bank santral nasyon azyatik la finn ogmante to enterè yo pou la premyè fwa depi 3 zan nan yon tantativ pou devye enflasyon e anpeche eklatman kapital ( man-man lajan ) nan peyi a.

Dapre dènye rapò sa a, ekonomi chinwaz la sibi yon ogmatasyon anuèl 9,6% soti nan mwa jiyè pou rive nan mwa septanm pase a.

Men si kwasans sa a pi piti pase sa Lachinn te anrejistre nan 2 trimès ki te vinn anvan yo, to 9,6% yo anrejistre kounye a, enben li depase sa analis ekonomik yo te prevwa a.

XS
SM
MD
LG