Accessibility links

Breaking News

Ekip IAEA a Rive nan Santral Nikleye Ikren nan

Nan foto sa a ke Ajans Eneji Atomik la pibliye, Direkte Jeneral IAEA a, Rafael Mariano Grossi (dezyem a goch) pale ak otorite yo pa idenatifye nan zon santral nikleye Zaporizhzhia a nan Ikren, 1 Sept. 2022.

Ekip enspekte Nasyonzini yo rive nan santral nikleye Zaporizhzhia a nan Ikren. Yap pousuiv yon misyon pou sekirize li epi anpeche yon katastwof.

Gwoup la rive nan santral la Jedi nan moman batay ap kontinye ant fos Ris ak Ikrenyen yo. Batay sa yo te fose yo etenn youn nan reyakte yo epi souliyen sityasyon dijans ki egziste epi danje ki poze a.

Ekip LONU an gen 14 manm kap travay pou Ajans Entenasyonal Eneji Atomik la. Yo rive nan santral nikleye ki pi gwo ann Ewop la nan yon konvwa kamyonet apre plizye mwa negosyasyon pou jwenn pemisyon pou antre nan santral la epi pran mezi pou anpeche yon gwo dezas sou kontinan an.

XS
SM
MD
LG