Accessibility links

Breaking News

Ejipt-Politik: Yon Referandòm nan Konstitisyon an


Ejipt-Politik: Yon Referandòm nan Konstitisyon an
Ejipt-Politik: Yon Referandòm nan Konstitisyon an

Nan peyi Lejip, yon militan k ap goumen pou demokrasi tabli nan peyi sa a, Wael Ghonin, fè konnen nouvo dirijan militè ejipsyen yo pwomèt li yon referandòm gen pou dewoule nan 2 mwa pou pote refòm nan konstitisyon an.

Misye Ghonin ak yon kòlèg li ki gen blòg sou entènèt la, poste yon nòt kote yo fè konnen yo rive fòse wo-grade militè yo pran angajman sa a nan chita-tande yo te genyen avèk Wo Konsèy Militè ki pran contròl Lejip aprè Prezidan Hosni Mubarak te bay demisyon n vandredi 11 fevriye pase a.

Wael Ghonin, k ap dirije yon branch nan konpayi entènèt Google, ak yon lòt militan ki sèvi ak wèb la pou yo defann kòz yo, te jwe yon wòl kle nan òganizasyon 18 jou pwotetsasyon ki te dewoule atravè tout peyi Lejip e ki te fòse Prezidan Mubarak kite pouvwa a e remèt direksyon peyi a bay lame aprè li te pase 30 tan nan tèt Lejip.

XS
SM
MD
LG