Accessibility links

Breaking News

Ejipt : Konfwontasyon Manifestan ak Lapolis Fè Plis Pase 40 blese


Ejipt : Konfwontasyon Manifestan ak Lapolis Fè Plis Pase 40 blese
Ejipt : Konfwontasyon Manifestan ak Lapolis Fè Plis Pase 40 blese

Konfwontasyon nan peyi Lejipt, ant fòs polis yo ak manifestan k ap pwoteste nan kapital la Lekè, lakoz plis pase 40 moun blese mèkredi 29 en 2011 la, nan moman manifestan yo ap lanse apèl pou yo mande pou yon otorite lajistis peyi a bay demisyon n.

Manifestan yo fè konnen yo pa kontan ditou dèske lajislis ap trennen pye li ak pwosè kèk ofisye polis ki, daprè sa yo kwè, ta responsab lanmò manifestan ki t ap pwoteste pandan 18 jou mouvman leve-kanpe ki te dewoule pi bonè ane sa a e ki te debouche sou ranvèsman rejim Prezidan Hosni Mubarak la.

Yo akize kòmisè-gouvènman Mohammed Hussein Tantawi dèske l ap fè dilatwa ak pwosè kèk nan polisye ki swadizan koupab yo.

XS
SM
MD
LG