Accessibility links

Breaking News

Ejip: 2 Moun Mouri nan yon Pwotestasyon Kont Dirijan Militè yo


Ejip: 2 Moun Mouri nan yon Pwotestasyon Kont Dirijan Militè yo
Ejip: 2 Moun Mouri nan yon Pwotestasyon Kont Dirijan Militè yo

Nan peyi Lejip, responsab lasante yo fè konnen 2 manifestan ki pat kontan poutèt zak vyolans ki te dewoule avan yè vandredi a –kote 74 moun te pèdi lavi yo nan yon estad foutbòl—eben, 2 manifestan sa yo resevwa bal e yo mouri nan lese-frape ak lapolis nan vil Suez.

Ajans Frans Près site kèk otorite ki ta di kòmkwa gen 30 moun ki blese nan lese-frape yo. Aprè yon gwo kouri ki te genyen nan stad vil Port Sayid la mèkredi pase a, plizyè milye manifestan te pran lari nan kapital la, Lekèr, pou yo pwoteste kont le fèt ke dirijan militè yo pat pran dispozisyon pou anpeche vyolans la.

Lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn pou gaye manifestan yo, ki vide kout wòch sou ofisye polis yo, pandan yo t ap eseye mache sou lokal Depatman Enteryè a. Depatman Sante, bò kote pa l, fè konnen gen 388 moun ki blese --pi fò nan yo sikonbe anba gaz lakrimojèn yo te respire.

Nan fen mouvman pwotestasyon sa a, manifestan yo lanse apèl pou yo mande konsèy militè pwovizwa ki nan tèt peyi a (sou direksyon maréchal Hussein Tantawi) remèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil.

XS
SM
MD
LG