Accessibility links

Breaking News

Ejipsyen yo ap Vote 9 Mwa apre Ranvèsman Rejim Moubarak la


Ann Ejip, sitwayen yo ap vote lendi 28 novanm nan pou yo chwazi manm yon palman 9 mwa apre ranvèsman rejim Moubarak la
Ann Ejip, sitwayen yo ap vote lendi 28 novanm nan pou yo chwazi manm yon palman 9 mwa apre ranvèsman rejim Moubarak la

Nan peyi Lejip, sitwayen yo ap vote lendi 28 novanm nan pou yo chwazi manm yon palman. Se premye eleksyon k ap dewoule nan peyi a depi pèp la te pran lari pa bann e pa pakèt pou fòse Prezidan Hosni Moubarak kite pouvwa a nan mwa fevriye pase a. Prezidan Konsèy Nasyonal Gouvènman an, marechal Hussein Tantawi, ki te pale dimanch 27 novnam nan, di li espere elektè yo va sòti an mas pou y al vote. Marechal Tantawi di:

“Mwen ta renmen pale ak gran pèp ejipsyen an, ak sila yo ki kapab vote yo, pou m mande yo ale nan biwo vèt yo pou yo vote jou eleksyon an; paske nou ta renmen gen yon palman ekilibre; nou ta renmen wè ladan n reprezantan tout gwoup.»

Se yon eleksyon palmantè k ap fèt an plizyè tan; yon 2èm pati vot la fikse pou mwa janvye 2012 kote ejipsyen yo va vote pou yo fin chwazi manm Chanm Bas la, tandiske yo va retounen nan biwo vòt yo an mas 2012 pou yo eli rès manm Chanm Wòt la; apre sa, 2 chanm yo gen pou yo reyini ann asanble nasyonal pou palmnatè yoekri yon nouvo konstitisyon. Daprè chèf gouvènman pwovizwa a, Marechal Tantawi, eleksyon sa yo reprezante yon gwo tounan nan istwa peyi Lejip. Sou pwen sa a misye Tantawi deklare:

“Lejip twouve l nan kalfou jounen jodiya. Se pou nou reyisi politikman, ekonomikman e sosyalman; sinon konsekans yo pral ekstrèmman grav, e nou pa kapab kite sa rive.»

Dimanch 27 novanm 2011 la, pèp souvren te okipe ankò Plas Tahrir la nan kapital la, Lekèr, kote sitwayen yo ap mande pou otorite militè yo kite pouvwa a bay yon gouvènman sivil -sa yo rele yon “Gouvènman Delivrans Nasyonal» ki ta dirije peyi a jiskaske eleksyon fèt pou chwazi yon prezidan.

XS
SM
MD
LG