Accessibility links

Breaking News

Ejip: Negosyasyon Echwe ant Gouvènman an ak Opozisyon an


Ejip: Negosyasyon Echwe ant Gouvènman an ak Opozisyon an
Ejip: Negosyasyon Echwe ant Gouvènman an ak Opozisyon an

Nan peyi Lejip, gwoup opozisyon yo fè konnen rankont yo pat janm fè anvan ak gouvènman an, pa rive satisfè prensipal egzijans yo ki se yon fen imedya nan rejim Prezidan Hosni Mubarak la ki sou pouvwa a depi preske 30 tan.

Fratènite Mizilman an avèk lòt gwoup opozisyon an pale pou yo di seri konsesyon prezidan Mubarak fè yo nan rankont ki dewoule yè dimanch la, pa ase pou satisfè demandyo; sepandan, daprè yo, sa reprezante premye pa nan direksyon yon dyalòg. Moun pa konnen egzatteman si gouvènman an ak reprezantan opozisyon an pral rankontre ankò.

XS
SM
MD
LG