Accessibility links

Breaking News

Egzèsis Militè Istorik Nan Kore di Sid


Egzèsis Militè Istorik Nan Kore di Sid
Egzèsis Militè Istorik Nan Kore di Sid

Aviyasyon militè ak lame de tè peyi Kore di Sid reyalize jedi 23 desanm 2010 la pi gwo egzèsis yo fè pandan yon peryöd lapè avèk bon jan zam lou gwo kalib e non pa zam ki pa ka touye moun.

Egzèsis sa yo dewoule sou yon montay ki te chaje ak bwouya, sou yon distans 30 kilomèt sèlman ak fwontyè 2 Kore yo. Prezidan sid koreyen an, Lee Myung-bak, vizite gwo teren militè kote sòlda yo fè egzèsis yo.

Daprè nouvèl yo, Prezidan Lee pale pou l di li te twonpe l lè li te panse ke pasyans sèlman te kapab pote lapè sou Preskil Kore a. Jounen jodiya, li fin pa konprann ke aksyon solid e dyanm, tankou egzèsis militè ki dewoule jodiya, se sèl mwayen pou anpeche Kore di Nò kòmanse yon lagè.

XS
SM
MD
LG