Accessibility links

Breaking News

Efò pou Mete Entènèt la a la Pòte Lemond Antye


Gen apeprè 7 milya moun nan lemond. Disi mwa janvye 2011, ekspè yo atann yo aske omwen 2 milya nan moun sa yo gen aksè ak entènèt. Ogmantasyon kantite entènèt yo pral fèt sitou nan peyi ki sou wout devlopman yo; men se sèlman 21% nan popilasyon yo a ki online vrèman, sètadi ki kapab konprann sa y ap li sou twal la. Yon gwoup ki rele Fondasyon World Wide Web la ap travay pou l pèmèt plis moun sou latè itilize entènèt la.

Tim Berners-Lee se savan anglè nan kesyon òdinatè ki te envante entènèt la. Misye anonse lansman Fondasyon Web la nan mwa novanm ane 2009 la. Gwoup la di yon pakèt moun gen aksè ak entènèt la ; men yo pa konn kijan pou yo itilize l e pi gwo rezon an se paske yo pa konn li. Daprè dènye rapò Nasyozini pibliye sou alfabetizasyon nan lemond, gen yon afè de 800 milyon moun nan laj majè ki pa konnen ni li ni ekri. E menm pou moun ki konn li yo, enfòmasyon ki sou entènèt la pa nan yon lang yo konprann.

Entènèt la se yon rezo ki makonnen anpil lòt rezo. Li pèmèt plizyè milyon òdinatè antre an kominikasyon antre yo. Youn nan rezon Tim Berners-Lee te kreye entènèt la, se pou l te bay moun mwayen pou yo pataje enfòmasyon fasilman.

XS
SM
MD
LG