Accessibility links

Breaking News

Echèk Negosyasyon Militè yo nan Prèskil Kore


Echèk Negosyasyon Militè yo nan Prèskil Kore
Echèk Negosyasyon Militè yo nan Prèskil Kore

Nan Ekstrèm Oryan an, nouvèl ki sòti nan Preskil Kore a fè konnen gouvènman sid-koreyen an di 2 jou negosyasyon militè ki dewoule ant delegasyon 2 Kore yo pran fen san pati yo pa rive jwenn pyès antant, e sa vin kraze espwa pou ta genyen yon adousisman nan tansyon ki egziste ant 2 peyi yo.

Daprè sa yon otorite nan Ministè Defans sid-koreyen an di Lavwadlamerik, reprezantan Kore di Nò a pati kite sal negosyasyon yo mèkredi 9 fevriye 2011 la nan vilaj Panmounjom, kote rankont yo t ap dewoule.

Objektif negosyasyon yo sete chache fè preparasyon pou wo-grade militè 2 Kore yo te kapab rankontre, pou yo abòde fason pou yo elimine tansyon ki la depi lame Kore du Nò te lanse yon atak ak gwo zam lou sou yon zile sud-koreyen nan mwa Novanm 2010-la.

XS
SM
MD
LG