Accessibility links

Breaking News

Echanj Prizonye ant Izrayèl ak Mouvman Islamik Palestinyen Hamas

Gilad Schalit ak Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu
Gilad Schalit ak Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu

Sòlda izrayelyen Gilad Shalit retounnen an Izrayèl aprè li fin jwenn liberasyon n nan men mouvman islamik Hamas la. Izrayèl, bò kote pa l, libere plizyè santèn prizonye palestinyen. Lame Izrayèl fè konnen misye Shalit, ki te nan prizon depi ane 2006, travèse fwontyè a pou l retounen an Izrayèl byen bonè madi a aprè Hamas te remèt misye bay gouvènman ejipsyen an pi bonè nan lamatine.

Gilad Shalit genyen pou l sibi kèk tès medikal epi pale nan telefòn ak manm fanmi li avan li pran avyon pou l al reyini avèk yo nan yon baz militè ki nan mitan peyi Izrayèl. Daprè echanj la, nan jounen madi a menm Izrayèl ap libere 477 prizonye palestinyen, tandiske yon lòt gwoup 550 gen pou kite prizon yo sou yon peryòd 2 mwa.

100 nan prizonye ki libere madi a gen pou ale nan Si-Jòdani e otorite izrayelyen yo pral depòte apeprè 40 lòt nan peyi Jòdani, Tiki, Katar ak Siri. Rès la prale nan Gaza kote gwoup militan Hamas la ap pare pou l resevwa yo kòm ewo. Manman youn nan prizonye palestinyen ki jwenn liberasyon yo nan dat 18 oktòb la, pale pou l di kijan li kontan.

Non li se Aziza Qawasmi. Li di :

“Se pi gwo jou, se pi bon jou pou mwen. Se yon jou lajwa pou mizilman yo e pou tout pèp nou an. Mwen espere se tout moun ki kontan jodiya, paske tout prizonye yo se pitit nou. Se pi gwo e pi bon jou pou mwen, paske m pral wè pitit mwen ankò."

Kou Siprèm peyi Izrayèl la te apiye, lendi 17 oktòb la, desizyon gouvènman an te pran pou li libere prizonye palestinyen yo; pou tribinal la te fè sa, li te rejte 4 petisyon li te resevwa nan men fanmi sòlda izrayelyen ki te pèdi lavi yo anba men atakan palestinyen.

XS
SM
MD
LG