Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sosyete: Senatè Sénatus ak Dumond Denonse Reyalite Kote Pòv ap Vin Pi Pòv e Rich ap Vin Pi Rich


Ann Ayiti, kèk manm Chanm Wòt la (Sena a) pa mete dlo nan bouch yo pou yo kritike “classe possédante” la ki tonbe anba akizasyon deske yo ta swadizan poze sezi sou divès biwo piblik tankou ladwann, pa egzanp. Se konsa 2 nan senatè Depatmaan Lwès la, Jean Renel Sénatus ak Patrice Dumond, denonse sa 2èm senatè nou site a rele “gwo labim ki separe moun rich ak moun pòv ann Ayiti.”

Sepandan si Sénatus ak Dumond revòlte –e yo envite sitwayen konsyan e onèt revòlte tou- kont le fèt ke, pa egzanp, 96% echanj komèsyal ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn benefisye privilejye nan sektè prive a e ke 3/4 bidjè nasyonal la sèvi pou regle pwoblèm otorite yo e non pa pou chanje sò mas pèp la-- yo rekonèt yon moun pa dwe mete tout reprezantan sektè komès ak endistri a nan menm panye a, paske “gen pwogresis nan sektè prive a k ap travay pou devlopman Ayiti.”

2 senatè Depatman Lwès yo pwofite okazyon an pou yo retounen sou evennman 6 ak 7 jiyè 2018 pase a kote manm klas travayè a ak pèp bidonvil Pòtoprens yo te leve-kanpe epi mache kraze-brize sant-dacha ak antrepriz komèsyal nan kapital la –yon mouvman revòlt ki te lakoz plizyè milyon dola dega.

Palmantè Dumond ak Sénatus lanse avètisman pou di se pratik plen enjistis ki tounen monè kouran nan administrasyon piblik la ki te pwovoke kòlè popilasyon an, e pratik sa yo ta dwe sispann; paske “fristrasyon popilè” ki rete bouyi pandan lontan kapab genyen konsekans moun pa ka prevwa, jan evennman 6 ak 7 jiyè yo montre sa.

================================================

Sous: Radio Métropole, Pòtoprens, Ayiti.

XS
SM
MD
LG