Accessibility links

Breaking News

Dosye Move Semans Diri nan Laribonit la ki Enplike Konpayi NATCOM Devan Lajistis nan Sen Mak


Yon jaden diri nan OKay, Ayiti. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares, 7 oktòb 2016
Yon jaden diri nan OKay, Ayiti. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares, 7 oktòb 2016

Yon gwou 4 avoka mete tèt yo ansanm pou fè solidarite ak agrikiltè Latibonit yo kote yo rele konpayi kominikasyon NATCOM nan tribinal. 4 avoka sa yo ki se manm yon òganizasyon ki pote non Jistis e Solidarite antame yon aksyon an jistis kont NATCOM yo repwoche ki te distribye yon semans diri nan vale a ki atire rat. Semans NATCOM distribye bay payizan yo ta lakoz rat ravaje jaden diri yo nan Latibonit.

Youn nan 4 avoka yo, Mèt Ebens Exantus fè laprès konnen lajistis nan Sen Makte te konvoke direktè jeneral NATCOM S.A. Nguyen Quynh jedi 27 desanm 2018 pase a. Responsab NATCOM nan ta reponn kesyon lajistis sou akizasyon semans awomatik li te distribye nan Latibonit e ki te atire rat nan jadien peyizan yo.

Selon Mèt Exantus, semans Jasmin 85 konpayi NATCOM te distribye nan Latibonit la te antre ann Ayiti sou fòm kontrebann.

Nan mwa septanm 2018 pase a, reprezantan yon òganizasyon nan vale Latibonit la ki se òganizasyon plantè Mowo-pèy, demanti enfòmasyon ki ta fè kwè se semans diri ki pote non Jasmine 85 Rice, konpayi NATCOM la ki ta atire rat kap detwi plantasyon peyizan yo. Goup peyizan Mowo Pèy yo te pale nan mikwo korespondan Lavwadlamerik, Exalus Mergenat.

Fenomèn Rat Kak Manje Diri nan Vale Latibonit la Pa Soti nan Semans NATCOM
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:03 0:00

XS
SM
MD
LG