Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Endistri Perivyen San Miguel Del Caribe ap pare pou Ouvè Divès Izin Dlo Natirèl An Ayiti vè Ane 2019


Faktori Dlo Nan Boutèy. AP/ Mic Smirh
Faktori Dlo Nan Boutèy. AP/ Mic Smirh

Endistri San Miguel del Caribe, yon sosyete Perivyen, anonse l ap louvri yon izin ann Ayiti pou l pwodui bwason non-alkoholize, ji fwi, bwason enèjetik ak dlo natirèl. Dapre anons konpayi a fè sou kesyon an, li pare pou l, envesti 15 milyon dola nan izin nan ki pral ouvè pòt li nan peyi a nan ane 2019 kap vinn la a. An plis de Ayiti sosyete Perivyen an deja gen izin k ap fonksyone nan peyi Pewou, Brezil, Chili ak Repiblik Dominikèn.

-Biwo Nasyonal Egzamen deta ( BUNEXE) anonse egzamen fen detid klasik pral demare soti 17 pou rive 20 Desanm 2018 nan plizyè depatman ak patisipasyon 28 mil kandida. Se sèlman kandida ki pat pase nan eprèv mwa Out la k ap patisipe nan egzamen sa a.

-Anviwon yon douzèn antrepriz Azyatik, k ap fonksyone nan endistri tekstil la, pral kòmanse mete sou pye divès konpayi an'Ayiti nan mitan ane 2019 la dapre anons prezidan Asosyasyon Industries d'Haiti George Sassine.

XS
SM
MD
LG