Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Donald Trump Ap Resevwa Enfòmasyon Sèvis Entèlijans Pandan li an Vakans

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap mache sou lakou Mezon Blanch la. 4 out 2017, Washington. Lidè ameriken an ta pral monte elikoptè Marine One nan pou li ale nan eta New Jersey kote li ap pase vakans li aktyèlman nan Bedminster.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, resevwa enfòmasyon nan men sèvis ransèyman Lèzetazini nan moman lap pase vakans nan koloni gòlf nan eta New Jersey, kote li fè yon konvèsasyon inèd tan sou dosye Kore di Nò a ak sekretè deta Rex Tillerson, yon fason pou l te kapab genyen yon mizajou sou fowòm rejyonal nasyon azi sidès yo..

Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Lindsay Walters, bay laprès detay sou vakans lidè ameriken an. Bò kote pa l, chèf personèl lamezon blanch la, Jeneral John Kelly mete ak lòt gwo responsab gouvènmantal twouve yo nan New Jersey tou.

Nan kòmansman joune lendi 7 out 2017 la, Kore di Nò te lanse pawòl piman bouk kont Konsèy Sekirite Nasyon Zini an poutèt tout manm li yo vote yo tout san wete youn pou enpoze sanskyon sou Pyongang akoz aktivite esè zam nikleye nasyon azyatik la.

XS
SM
MD
LG