Accessibility links

Breaking News

Magazin Time Deziye Prezidan Eli Donald Trump kòm “Lòm de Lane”


Prezidan-eli ameriken an, Donald Trump, poze pou fotograf Nadav Kander pou kouvèti Magazin Time
Prezidan-eli ameriken an, Donald Trump, poze pou fotograf Nadav Kander pou kouvèti Magazin Time

Magazin ameriken Time anonse, nan jounen mèkredi 7 desanm 2016 la, li nonmen Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump, kòm "Lòm de Lane". Nan sitasyon ki mache ak chwa sa a, magazin nan ekri pou l di :

Prezidan-eli Donald Trump pran plas li sou kouvèti Magazin TIME pami divès pèsonalite selèb ki ranpòti tit "Moun de Lane" pou travay pozitif ou negatif yo. (Foto via @TIME sou Twitter).
Prezidan-eli Donald Trump pran plas li sou kouvèti Magazin TIME pami divès pèsonalite selèb ki ranpòti tit "Moun de Lane" pou travay pozitif ou negatif yo. (Foto via @TIME sou Twitter).

“Nou baze seleksyon Misye Trump kòm Lòm de Lane a sou travay -pozitif ou negatif-- li te fè pou l domine aktyalite a pandan ane 2016 la...”

Misye Trump --ki tap reyaji sou nouvèl la nan yon entèvyou ak chèn televizyon NBC tou suit apre Time Magazin te fè anons la—deklare:

“Time se yon magazin ki trè zenpòtan; e mwen apresye le fèt ke mwen te gen chans ase pou m parèt sou kouvèti li plizyè fwa ane sa a."

00000000000000000000000000000000000000

Nan menm entèvyou misye Trump bay chèn televizyon NBC a, li di li rekonèt yon reyalite: Sè ke li pral monte nan tèt yon peyi ki divize anpil; men li rejte pawòl ki ta vle fè konpann li te patisipe nan sa ki te fèt pou kreye divizyon an. Prezidan-eli a fè yon deklarasyon nan sans sa a pandan NBC tap anonse se li Time Magazin chwazi ane sa a kòm “Lòm de Lane"; sepandan Magazin nan kontinye pou l di: “Trump se lidè eli yon Etazini d Amerik ki divize.”

Donald Trump –ki tap fè kòmantè sou sitasyon Time nan- deklare:

“Se vre, genyen anpil divizyon Ozetazini. Sepandan nou pral travay pou n remete inyon nan peyi sa a. Nou pral genyen yon peyi ki byen gaya, paske nou pral trete maladi ki rele divizyon an. Nou pral reprezante yon fòs ekonomik ki dyanm, an menm tan ke nou pral rebati lame nou an an sekirite peyi a. Wi, nou pral reyalize anpil bagay paske nou pral mete tèt nou ansanm.”

00000000000000000000000000000000000000000

Toujou Ozetazini, Prezidan-eli a, Donald Trump, chwazi jeneral retrete John Kelly pou dirije Depatman Sekirite Teritoryal la (Department of Homeland Security), yon ajans kolosal ki chaje ak pwoblèm jounen jodi a. Youn nan misyon li se konbat teworism epi reyalize pwomès Misye Trump fè pou l lite kont imigrasyon ilegal, dapre sa ekip tranzisyon an fè laprès konnen.

Otorite nan tranzisyon an kontinye pou di Misye Trump chwazi Jeneral Kelly akoz eksperyans li te fè ak konesans li te pran pandan li tap travay sou fwontyè Lèzetazini pataje ak Meksik la, mete sou le fèt ke li deja pale klè pou l di li pare pou l kontwole trafik dwòg ilegal, teworism entènasyonal ak lòt menas ki, dapre li, ap sòti nan Amerik Santral ak Amerik di Sid.

XS
SM
MD
LG