Accessibility links

Breaking News

Divizyon ant Etazini ak Rès Lidè Gwoup G7 la sou l’ OTAN ak Dosye Anviwonman an


Prezidan Etazini Donald Trump, agoch, ak Chanselye almand la, Angela Merke. 26 me 2017 nan Taomina, Itali. (Foto: AP//Evan Vucci)
Prezidan Etazini Donald Trump, agoch, ak Chanselye almand la, Angela Merke. 26 me 2017 nan Taomina, Itali. (Foto: AP//Evan Vucci)

Prezidan Etazini Donald Trump repete yon akizasyon l te lanse kote li te deklare peyi Lalmay pa peye kontribisyon li ta dwe bay l’OTAN. Lidè ameriken an te fè deklarasyon sa a 3 jou apre yon rankont ak chanselye almand la, Angela Merkel -rankont ki, dapre La Mezon Blanch, te byen pase.

Lidè gwoup G7 la, de gòch, a dwat Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau, Chanselye Alman Angela Merkel, Prezidan Amerikn Donald Trump, Premye Minis Italyen Paolo Gentiloni, Prezidan Franse Emmanuel Macron, Premye Minis Japon an Shinzo Abraham Lincoln, ak Premye Minis Britanik Theresa May.
Lidè gwoup G7 la, de gòch, a dwat Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau, Chanselye Alman Angela Merkel, Prezidan Amerikn Donald Trump, Premye Minis Italyen Paolo Gentiloni, Prezidan Franse Emmanuel Macron, Premye Minis Japon an Shinzo Abraham Lincoln, ak Premye Minis Britanik Theresa May.

Sepandan, apre Somè G7 la ki te dewoule sou zile Sisil, ann Itali, Madam Merkel te deklare:

“Epòk kote nou te ka konte sou lòt moun nan preske fin pase, daprè sa map konstate depi kèk jou.”

Lidè ewopeyen yo pat jwenn non plis angajman yo tap chache bò kote Prezidan Trump, sitou sou sa ki gen rapò ak Akò Pari sou chanjman klimatik yo kote 120 peyi te pran responsablite pou yo redui kantite polisyon yap lage nan atmosfè a.

Pandan Somè G7 la, Misye Trump te prefere abòde kesyon ki gen rapò ak Kore di Nò e ak lit kont teworism malgre lòt lidè G7 yo te gen lòt objektif. Prezidan Komisyon Inyon Ewòp la, Jean Claude Juncker, te fè konnen:

“Nou kwè peyi siyatè yo dwe aplike Akò Pari a nan tout entegralite li, san wete, san mete.”

Pandan tout kanpay elektoral la Ozetazini, Misye Trump te toujou di afè chanjman klimatik la se yon blag. Li te di lidè ki te prezan nan Somè G7 la li gen pou pran yon desizyon final sou dosye anviwonman an apre retou li nan Washington

Gwoup kap defann pwoteksyon anviwonman yo pat pèdi tan pou di kijan yo desi deske se yon pozisyon konsa Lèzetazini pran nan some Sisil la. Direktè egzekitif Greenpeace International la, Jennifer Morgan, fè konnen Ewòp, Kanada ak Japon kanpe fèm sou pozisyon yo e yo montre yon lòt fwa kijan Prezidan Trump pa kanpe sou menm bit ak rès mond la pou sa ki gen rapò ak kesyon chanjman klimatik yo. Mdamm Morgan ajoute: " Mesye Trump ta dwe pran desizyon ki kòrèk la pou l mete l opa ak rès mond."

Prezidan Trump se sèl lidè gwoup G7 la ki pat rankontre ak laprès apre somè a.

XS
SM
MD
LG