Accessibility links

Breaking News

Divòs Arnold Schwarzenegger ak Maria Shriver a Resi Final Apre 10 Zan


Foto Achiv: Maria Shriver ak Arnold Schwarzenegger.
Foto Achiv: Maria Shriver ak Arnold Schwarzenegger.

Aktè ak ansyen gouvènè eta Kalifoni Arnold Schwarzenegger ak madanm ni, jounalis Maria Shriver ofisyèl apre 10 zan.

Dosye tribinal la montre divos la finalize Madi.

Koup la te marye pandan 25 lè Shriver te mande misye divos apre nouvèl te gaye ke mari'l te fè yon pitit ak yon moun ki tap travay lakay yo.

Schwarzenegger te pwofite stati li kom vedèt sinema pou'l genyen eleksyon pou gouvènè eta Kalifoni an 2003. Li te re-eli apre sa.

Madan Shriver limenm se yon jounalis televizyon ki ranpote plizyè pri, epi yon ekriven.

Koup la te marye nan mwad Avril ane 1986, e yo gen 4 pitit ansanm.

XS
SM
MD
LG