Accessibility links

Breaking News

Diskisyon Pral Dewoule nan Nasyonzini sou Demand Palestin pou LONU Rekonèt yon Eta Palestinyen


Prezidan Palestinyen an Mahmoud Abbas ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon
Prezidan Palestinyen an Mahmoud Abbas ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon

Konsèy sekirite Nasyonzini an pare pou l jete yon bonjan koudèy sou demand otorite palestinyen fè pou yo vinn tounen yon manm egal-ego nan òganizasyon mondyal la. Diskisyon pral dewoule mèkredi 28 septanm 2011 la apre moun te lanse plizyè apèl pou izrayelyen ak palestinyen yo retounen arebò tab negosyasyon lapè yo.

Lidè ewopeyen, ameriken e palestinyen kondane desizyon eta jwif la pran pou bati nouvo lòjman nan Jeruzalèm ès. Chèf kesyon politik nan Nasyonzini Lynn Pascoe, di konsèy sekirite a moun pa dwe epanye okenn efò pou fè 2 pati konsène yo retounen sou tab negosyasyon yo.

Madam Pascoe di :

“kounye a , moman an rive pou tout moun bay diplomasi chans pa l.”

XS
SM
MD
LG