Accessibility links

Breaking News

Dirijan Dubai la Gen Poul Peye Ex Madanm ni $700 Milyon Pou Divòse Avè'l


Foto Achiv: Sheikh Mohammed bin Rashid Al Maktoum, 22 Jyen 2019.
Foto Achiv: Sheikh Mohammed bin Rashid Al Maktoum, 22 Jyen 2019.

Yon tribinal pase lòd bay dirijan peyi Arab ki rele Dubai la, pou'l peye ex madanm ni ak timoun yo yon afè de 550 milyon liv sterling - swa $730 milyon (dola Ameriken).

Desizyon sa a, ke yon tribinal nan peyi Angletè pran, rann divòs misye youn nan divòs ki koute pi chè nan listwa peyi a.

Tribinal la di fòk Sheikh Mohammed bin Rashid Al Maktoum peye 6em madanm ni, Prensès Haya Bint Al Hussein 251.5 milyon liv sterling epi kontinye ba li lajan pou swen 2 timoun yo.

Prensès Haya, ki gen 47 an, te kouri kite Dubai pou'l al viv ann Angletè nan ane 1019. Li te deklare nan moman an ke li te "terifye" paske mari li se yon nèg ki gen anpil pouvwa.

Antant divòs la gen ladann 11 milyon liv sterling pa an pou kouvri sekirite Prensès Haya ak timoun yo. Jij Philip Moor deklare prensipal menas ki egziste pou sekirite fanmi an se Sheikh Mohammed, ki gen 72 zan.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG